Halloween- Gede : Chantoutou ak Sentaniz

Halloween USA – Gede Haïti

2 fèt marasa

  • Menm epòk, menm nwit
  • Menm objektif, menm synbòl
  • Menm espas , menm dekò
  • Menm aktivite ,menm anbyans
  • Menm joumou, menm chapo

Hallowen ak Gede : Ki Jan Ayisyen wè sa ?

Haïti : Ayisyen yo dechire sou fèt sa : Gwo divizyon paske Gede se lwa Vodou , ki pi rèd li sèvi ak kleren, brase ren, piman epi gwo mo . Kretyen protestan yo sitou trete vodouyzan sa yo de moun sal , moun pòv,  malfèktè, enferyè, dyab . Vodouyizan yo menm akize kretyen yo de trèt ki abandone kilti yo pou adopte pa bouwo ki tap krabinen zansèt nou yo .

Fête Gede Cyvadye

Ayisyen akize Ayisyen se relijyon lòt la ki fè peyi a pa mache . Divizyon sa fè aktyalite nan moman sa nan gwo deba ant pozisyon Etzer Emile ak Daly Valet .

Dekorasyon halloween New Jersey

Dekorasyon Halloween devan yon kay nan New Jersey

Ki jan Ameriken yo wè sa ?

Etazini : Ameriken yo pa divize sou fèt sa . Okontrè , se sa ki amize yo pandan tout mwa oktòb la e yo menm fyè de li .  Tout lekòl USA sèvi avèk halloween pou entegrasyon ti moun . Malgré Legliz Katolik te vle ranplase fèt « payen » sa pa fèt La Tousen , sa pa janm mache . Men okenn Ameriken pa klase Ameriken parèy yo de moun sal, pòv , dyab .

Ki moun ki gen enterè wè nou youn ap manje lòt ? Kilè sa te kòmanse?

Dapre anpil nèg save , divizyon sa sòti depi apre Seremoni Bwa Kayiman, 14 dawou 1792 . Paske se gras ak vodou eksklav yo te mete tèt yo ansanm pou kraze lanfè esklavaj la , sa ki te lakòz anpil blan franse mouri epi pèdi tè a . Ansyen mèt sa yo pa ka sipòte kal sa . Depi moman sa , kolon sèvi ak relijyon epi lekòl kretyen yo pou aprann Ayisyen yo rayi Desalin , akize lòt la se dyab epi divize yo pou sa pa janm refèt ankò .

Èske se Kilti , Relijyon ak Zansèt ki devlope Etazini ?

Ni Youn , ni lòt . Kilti soude nou youn ak lòt , zansèt yo montre egzanp , men se pa ni Dambala, ni san de Jezi, ni san kabrit , ni Manman Mari , ni jèn 40×40 jou kap delivre Haïti. Okenn bye bwa pa ka grandi san rasin li, okenn peyi pa ka devlope andeyò kilti li , ou byen nan imite kilti zòt . Men se Lòd , Jistis, Edikasyon, Lasyans ak Travay ki devlope peyi . Se sa zansèt nou yo te konprann , se pou sa Tousen , Kristòf ak Desalin bay san yo , lavi yo pou Haïti !

Kit li se kretyen, vodouyzan, mizilman, san relijyon , tout Ayisyen se frè ak sè , nou pa dwe nan chire pit . Sa w panse ?

Josué Noël

Laisser un commentaire

En savoir plus sur Tonnerrrinfo

Abonnez-vous pour poursuivre la lecture et avoir accès à l’ensemble des archives.

Poursuivre la lecture